VISIT OUR PARENT SITE AT FCSN.ORG

Smiling Latino familyNan mwa oktòb 2021, Federasyon Timoun ki Gen Bezwen Espesyal (Federation for Children with Special Needs, FCSN) te pale ak prèske 500 paran ak moun k ap bay swen nan 9 lang, pou li te ka jwenn repons pou kesyon yo ak opinyon yo sou yon fason pou l ka amelyore konesans sou karyè, edikasyon pwofesyonèl ak teknik (Career, Vocational and Technical Education, CVTE). Men sa yo te di.

Gen yon mank nan konesans ki baze sou Lang

Nan sondaj nou yo, nou te mande fanmi yo pou yo evalye konesans yo nan karyè, ansèyman teknik, ak pwofesyonèl sou yon echèl ki soti nan 0 pou rive nan 5.  Jan tablo sa a montre l la, fanmi ki gen yon lang matènèl ki pa anglè te gen plis chans pou yo evalye nivo konesans yo a 0 pase moun ki pale anglè yo. Epi, moun ki pale anglè yo te gen plis chans pou yo evalye konesans yo kòm modere jiska pi wo, pase moun ki pale lòt lang yo.

Over 40% of speakers of languages other than English had zero knowledge of Career and Technical education

Paran ak moun k ap bay swen yo gen npil kesyon

Nan gwoup diskisyon yo, fanmi yo te poze anpil kesyon. Nou ka sèvi ak kesyon sa yo pou ede nou devlope resous ki bon pou fanmi ak resous ki tradui epi k ap fè yo gen konesans konsènan CVTE. Men kèk egzanp:

  • Èske yon moun dwe peye lajan pou li ka patisipe? Repons: non – lekòl ak pwogram sa yo gratis paske yo fè pati lekòl piblik yo.
  • Èske lekòl sa yo bezwen konnen estati imigrasyon mwen oswa estati imigrasyon pitit mwen an? Repons: non – se pa yon kesyon yo gen dwa poze, epi yo akeyi tout timoun nan lekòl piblik Massachusetts yo.
  • Èske lekòl yo bay bonjan  fòmasyon akademik anplis fòmasyon teknik la? Repons: Wi – tout lekòl segondè nan Massachusetts yo dwe satisfè menm estanda akademik yo.
  • Ki avantaj pwogram sa yo genyen? Men kèk repons: pwogram sa yo bay fòmasyon teknik apwofondi ki prepare elèv yo yon fason pou yo ka kòmanse travay epi pou yo touche bon kòb nan yon domèn pwofesyonèl ki gen anpil demand. Bagay sa yo fè elèv ki renmen aprantisay pratik yo kontan anpil epi yo fè lyen ant sa yo aprann nan lekòl la ak pwochen karyè yo.
  • Kijan pou moun enskri? Repons: Pwosesis enkripsyon an varye selon lekòl oswa pwogram nan. Pou lekòl ki konsantre sou Edikasyon Pwofesyonèl ak Teknik, pifò elèv yo enskri pandan yo nan klas 8yèm ane yo. 
Siy kontni yo Tradui, «Enfòmasyon sa a se pou tout moun.»

Malgre yo te tradui School Finder (Rechèch Lekòl) la pou kounya an senk (5) lang, lè yo t ap fè gwoup diskisyon yo se sèlman an anglè li disponib. Sa te lakòz plizyè nan paran yo te poze kesyon pou mande èske edikasyon sou karyè ak edikasyon teknik lan se te sèlman pou moun ki pale anglè yo fè l. Sa vle di, enfòmasyon sa yo  pa t sèlman bay moun ki pale lòt lang yo yon bwa long pou yo kenbe – li te bay enpresyon ke pwogram yo te egzije pou moun yo gen konpetans nan anglè pou yo ka patisipe. Se pa sa. Antanke lekòl piblik, lekòl ak pwogram CVTE yo oblije ofri sipò lang, tankou sèvis anglè kòm yon dezyèm lang (English as a Second Language, ESL). Tradiksyon enfòmasyon yo pral sèvi kòm yon pati enpòtan pou ogmante aksè nan lekòl yo pou moun ki pale diferan lang yo. 

Massachusetts School Finder a itil… epi li ta ka menm pi bon

Nan gwoup diskisyon nou yo, fanmi yo te byen resevwa resous sou entènèt ki se Massachusetts School Finder a (Zouti pou Chèche Lekòl nan Massachusetts la). Gen anpil ki fè kòmantè pou di yo te swete yo te okouran de sa pi bonè oswa yo te kontan okouran de sa pou kounye a. Se sèlman yon ti kantite fanmi ki te deja okouran de resous sa a. Yo te rekòmande de (2) amelyorasyon: ajoute yon kat, epi tradui li nan plis lang posib. 

Rezo pèsonèl yo se sous enfòmasyon esansyèl yo ye

Dapre toulede, swa gwoup diskisyon ak swa sondaj yo, fanmi yo konte pi plis sou enfòmasyon yo resevwa nan men zanmi ak manm fanmi yo pou yo ka pran desizyon sou zafè edikasyon pou timoun yo. Prèske osi enpòtan: enfòmasyon yo resevwa nan men lekòl aktyèl timoun yo a. Medya Sosyal yo te vini an twazyèm – epi espesyalman, Facebook (ki depann sou amitye ak koneksyon fanmi pou gaye enfòmasyon). Epitou, paran imigran yo te mansyone rezo espesifik lang yo mete sou WhatsApp ak WeChat — de (2) aplikasyon ki fèt pou rete an kontak ak rezo ou genyen ki egziste deja. Nan gwoup diskisyon yo, kote konvèsasyon yo ka ale pi fon, fanmi yo tou te lonje dwèt sou ajans kominotè ak ajans swen sante yo kòm sous enfòmasyon patikilyèman moun fè konfyans. 

Li pi bon pou itilize yon langaj klè pou w eksplike «Bagay Debaz yo»

Nan toulede, swa nan sondaj ak swa nan gwoup diskisyon nou yo, nou te mande fanmi yo si yo te abitye ak yon kantite CVTE Pathways and Programs (Chemen ak Pwogram CVTE)  ki make nan yon meni k ap dewoule nan School Finder a. Tèm sa yo gen ladan yo  Chapter 74 (Chapit 74), Non-Chapter 74 (ki pa-Chapit 74) oswa Perkins Only (Perkins Sèlman), Innovation Pathways (Chemen Inovasyon), After Dark (Aprè fè Nwa), Ealy College (Inivèsite Bonè). Pifò fanmi pa t abitye ak tèm sa yo; epi nan gwoup diskisyon yo, fanmi yo te gen premye reyaksyon negatif sou plizyè nan yo. Nou te pase fidbak sa a bay patnè nou yo nan Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè a (Department of Elementary and Secondary Education), epi n ap travay ansanm pou n ka jwenn yon ekilib ant 1) fè langaj entwodiksyon pi aksesib jan sa ka posib la epi 2) ede fanmi yo konprann sa tèm sa yo vle di, yon fason pou yo ka pran bon desizyon konsènan edikasyon timoun yo.

Lekòl yo bezwen kontinye kominike ak fanmi yo pandan elèv yo ap vin pi gran

Parents and student of color viewing a cellphone screenNan gwoup diskisyon nou yo, anpil fanmi te fè konnen jan sa te enpòtan pou yo gen konesans dirèk ak konpreyansyon sou opsyon edikasyon yo – pa sèlman konte sou sa timoun yo di yo. Nan kèk gwoup, fanmi yo te di yo te konnen timoun yo a te resevwa enfòmasyon sou CVTE ki pa janm rive jwenn yo oswa ki pa t ase klè lè yon elèv lekòl primè mwayen te di l sa. Gen lòt ki te dekri kijan, lè elèv yo ap vin pi gran, kominikasyon ak fanmi yo vin diminye, malgre wòl enpòtan paran yo jwe anjeneral nan ankouraje ak ede elèv yo aplike oswa enskri nan pwogram yo.  Enkyetid sa a patikilyèman egi pou paran timoun newodivès yo. Yon paran te fè kòmantè pou di enfòmasyon yo sanble rive jwenn paran yo pa aksidan, olye lekòl yo fè efò pou asire fanmi yo gen enfòmasyon yo bezwen yo.

Li rapò konplè a sou Secondary Options Family Engagement Project Website
(Sitwèb sou Pwojè Angajman Familyal pou Opsyon Segondè yo)