Nan okazyon Mwa Istwa Moun Nwa yo, mwen te li atik ki pale sou enpak paran ak defansè dwa moun Ameriken Nwa yo te fè sou alafwa desegregasyon rasyal la ak dwa moun ki gen andikap yo. Gen yon manman mwen pa sispann panse ak li. Li rele Lucille Bridges. Norman Rockwell te imòtalize kouraj pitit fi li an apre li te vin premye timoun Ameriken Nwa ki te frekante lekòl li a nan Louisiana nan lane 1954.
Nan tablo Rockwell la, pwendvi a se prendvi yon timoun. Ruby genyen kò Gad Nasyonal yo ki antoure l pou pwoteje li kont yon foul manifestan blan rasis. Men, gen yon moun ki pa nan bèl imaj sa a: manman li, Lucille, ki te konn mennen l epi al chèche lekòl chak jou.
Pou sa ki konsène narasyon an, mwen konprann rezon ki fè Rockwell te chwazi konsantre l sou feblès Ruby. Li mete ti tay Ruby a fas ak gason men wotè ki gen kostim sou yo ak manifestan rasis yo. Sèn kote yo jete tomat sou mi an montre brimad Ruby te sibi lè li t ap eseye antre nan lekòl la.
Antanke moun k ap defann angajman familyal, mwen santi absans Lucille nan foto a paske an reyalite timoun piti yo pa defann pwòp Dwa Sivil pa yo. Yo konte sou paran yo, fanmi yo, ak kominote yo pou defann dwa yo pou yo. Antanke manman yon timoun ki gen andikap, mwen konprann detèminasyon Lucille pou li fè fas kare ak enjistis ki te anpeche pitit fi li an benefisye yon edikasyon. Antanke yon moun blan, mwen vrèman admire kouraj fanmi Bridges te montre lè yo te afwonte menas ak reyaksyon negatif moun blan yo ki pa t vle pou entegrasyon an fèt. Tèm “angajman” an pa menm dekri sakrifis Lucille ak lòt paran Ameriken Nwa yo te fè nan non jistis edikatif la.
Genyen lòt moun ki pa nan de (2) imaj sa yo ki te pèmèt Ruby ak Lucille fè aksyon yo a. Pami moun sa yo genyen kominote relijye yo, yon konseye terapetik ki te pwopoze pou ede Ruby fè fas ak sa ki te pase a, avoka yo, militan ak alye lokal yo, ansanm avèk reprezantan eli yo ki te koupe fache avèk kòlèg yo pou yo te ka pwoteje fanmi Bridges la.
Ruby Bridges-Hall te eksplike Tampa Bay Times sa li te viv la
Gwo gwoup sipò sa a enpòtan anpil pou nou chanje sosyete a toutbonvre. Pandan anpil moun ki gen pouvwa a nen men yo ap bat pou yo kenbe l, gen kèk moun ki itilize pouvwa yo pou yo amelyore sitiyasyon tout moun. Pa egzanp, mwen fenk dekouvri egzistans yon gwoup elèv ki rele Claymount Twelve: elèv lekòl segondè. Paran elèv sa yo te tanmen yon pwosè nan tribinal pou yo ka gen dwa pou voye yo nan lekòl segondè ki nan zòn yo a olye yo voye yo nan yon lekòl byen lwen kote te gen segregasyon. Lè responsab edikasyon yo nan Eta Delaware te refize kite yo antre nan Claymont High School, Direktè lokal la te enskri yo kanmèm – sa ki fè Claymont High School se premye lekòl ameriken kote te gen segregasyon oparavan ki aksepte Ameriken Nwa nan lane 1952. Finalman, Lakou Siprèm Eta a te aksepte admisyon yo a. Se poutèt sa, yo te fè dosye yo fè yon sèl avèk plizyè lòt dosye nan kokennchenn dosye ki te mete fanmi Brown fas ak Konsèy Edikasyon an – ki te rann zafè segregasyon an ilegal nan tout Etazini nan lane 1954.
Li lòt istwa sou dosye fanmi Brown kont Konsèy la sou The74million.org
Istwa sa yo mete limyè nou plizyè ide ak leson enpòtan. Antanke moun blan, yo raple mwen dwa fanmi mwen te toujou genyen san li pa t goumen pou yo ak lit pou egalite rasyal k ap rapousuiv jounen jodi a. Epitou, yo fè mwen rekonesan pou posiblite militan Ameriken Nwa yo te bay lòt gwoup yo pou yo defann dwa yo genyen pou yo frekante lekòl la.
Anfen, yo raple mwen jan li fasil pou nou bliye wòl enpòtan paran yo ak moun k ap bay swen yo jwe antanke lidè ak patnè nan lit pou zafè egalite a. Lè lekòl yo, òganizasyon kominotè yo, ak fanmi yo travay ansanm pou yo bay tout elèv yo menm chans, yo kapab jwenn bon rezilta. Li ka yon gwo koze: demantle lwa ak sistèm ki enjis yo. Li ka yon jès senp: yon pwofesè ak yon paran k ap travay ansanm pou yo jwenn yon mwayen pou yo ede yon timoun aprann.
Se tankou yon fil kouran ki toujou gen kouran ladan l. Se tout sa lekòl yo ak ajans yo bezwen pou yo tabli yon lyen.
Antanke Chèf Pwojè nan FCSN, Rosalie Rippey ap dirije jefò ki deplwaye nan tout Eta a pou li ede fanmi yo enplike yo nan koze a epi amelyore divèsite ak aksè nan pwogram fòmasyon pwofesyonèl. Anvan Rosalie te travay pou FCSN ak MASFEC, li te konn bay òganizasyon san bi likratif yo konsèy nan zafè sansibilizasyon ak kominikasyon epi li te okipe pòs direksyon nan domèn kominikasyon pou Lekòl Piblik Cambridge yo (MA), ak òganizasyon san bi likratif Cunningham Children’s Home ak A Woman’s Fund Inc. ki chita kò yo nan Urbana, Illinois. Rosalie renmen kreye sistèm sipò pou fanmi yo epi li renmen pataje enfòmasyon pou l ka lite kont sistèm ki enjis yo.
