Konpasyon an se lè ou sansib pou lòt moun ak lè w ede yo. Se pa yon bagay nou fèt avèk li. Depreferans, se yon konpetans nou aprann epi devlope ofiyamezi tan ap pase. Tankou nenpòt konpetans, plis nou aprann li bonè, plis nou pratike li, se plis n ap amelyore ladan li. Selon sikològ devlopmantal yo, timoun yo kapab kòmanse aprann konpasyon an lè yo gen de (2) oswa twa (3) lane, sa ki vle di fanmi yo kapab tanmen chita pale sou konpasyon an menm lè timoun yo tikatkat.
Yon bon mwayen pou w ede timoun yo pratike konpasyon se lè w li liv imaj yo epi fè timoun yo reyaji ak yo. Yo kreye liv ak aktivite sa yo pou bay pitit ou a posiblite pou li adopte lòt pwendvi, reflechi sou fason aksyon li yo afekte lòt moun, epi pou li santi li kapab aji poukont li.
Konpreyasyon
Li: They All Saw a Cat, se liv Brendan Wenzel ekri
Nan liv imaj sa a ki byen ilistre, gen yon seri bèt diferan ki wè yon chat yo chak nan fason pa yo. Pa egzanp, gen yon pis ki wè yon gwo chat, tandiske gen yon zwazo nan syèl la ki wè yon ti chat. Gen yon sourit ki konsidere chat la tankou yon menas, tandiske gen yon rena ki konsidere chat la tankou manje l.
Apre nou fin li liv sa a ansanm, mande pitit ou a chwazi yon bèt, epi bay pwòp vèsyon pa l sou istwa a. Kijan bèt sa a parèt nan je predatè li yo ak manje li yo? Kijan bèt sa a parèt nan je diferan moun? Eksplike l pou di, menm jan ak bèt yo, moun wè bagay yo diferan tou. Pwendvi sa yo pa toujou bon ni pa bon, men yo senpman diferan pou chak moun.
Li: The True Story of the Three Little Pigs, liv Jon Scieszka ekri
Ou ka panse w konnen istwa twa ti kochon yo. Men, èske w deja tande gwo mechan lou a (swadizan) k ap rakonte l? Nan liv sa a, mechan ki nan fab klasik la resi rakonte vèsyon istwa pa li an. Vèsyon pa li a chaje ak sipriz.
Apre nou fin li liv sa a ansanm, mande pitit ou a chwazi yon “brigan” nan yon liv, yon istwa, oswa yon emisyon televize. Kijan li wè oswa konprann istwa a? Mande li rakonte istwa a selon pwendvi mechan an. Eksplike l pou di pifò moun pa ni bon ni move moun, men yo yon ti kras nan toude. Epitou, eksplike l jan istwa yo kapab sanble diferan lè nou wè yo selon pwendvi lòt moun.
Tire Leson Nan Erè yo epi Korije Bagay Yo
Li: Goldy Luck and the Three Pandas, liv Natasha Yim ekri
Nan adaptasyon sa a pou Goldilocks and the Three Bears, yo mande yon jèn fi ki rele Goldy Luck pou li pote gato navè bay vwazen li yo, pou selebre Nouvèl An Chinwa. Goldy ale anvan manje maten an pare apre l fin pase yon move nuit somèy ki fatige l. Lè li antre pa aksidan nan kay la, bagay yo gate byen rapid. Kontrèman ak fab orijinal la, Goldy Luck fè yon jefò espesyal pou li korije erè li fè yo.
Apre nou fin li liv sa a ansanm, mande pitit ou a pou li raple li yon moman kote li te fè yon erè ki te afekte yon lòt moun. Kijan li te santi l lè sa te rive? Kijan li te fè lòt moun nan santi l? Mande pitit ou a ilistre oswa rakonte istwa a, epi mande l pou li imajine fason li te kapab korije erè a nan eseye rezoud pwoblèm nan, menm jan ak Goldy Luck. Pi devan, fè referans ak istwa sa a lè yon timoun mande eskiz, lè w mande li ale pi lwen pou li non sèlman panse ak erè a, men tou ak fason li dwe repare li.
Jantiyès ak Gerizon
Li: The Breaking News, liv Sarah Lynn Reul ekri
Nan liv sa a, yon fanmi pran yon move nouvèl nan televizyon an. Pèsonaj prensipal la, ki se yon jèn fi nwa, gade moun ki sou kote li yo ki plonje nan tritès ak laperèz. Li vle ede tout moun, men kijan? Jèn fi a dekouvri ti jès jantiyès yo kapab okazyonnen pi gwo jès, sa ki kapab ede moun yo santi yo pi byen.
Apre nou fin li liv sa a ansanm, mande pitit ou a pou l fè yon lis ti jès jantiyès li kapab fè ak zanmi li yo ak fanmi li. Jès sa yo gendwa se jès li wè nan liv la, tankou fè lekti pou yon timoun ki pi piti, plante yon grenn, oswa fè desen ki eksprime lanmou li genyen pou lòt moun. Kenbe lis la, epi chak jou, fè yon jès jantiyès ansanm.
Defann Jistis
Li: Love is Powerful, liv Heather Dean Brewer ekri
Mari ak manman li prale nan premye manifestasyon Mari òganize. Yo fè yon gwo pankat ansanm ki di, “Love is Powerful.” Men, lè yo rive nan manifestasyon an, tèlman gen anpil moun, Mari pè pou mesaj li a pa pase. Kijan li kapab fè mesaj li a pase?
Apre nou fin li liv sa a ansanm, mande pitit ou a ki mesaj li ta renmen kominote li an tande. Èske li ta renmen pase yon mesaj sou lanmou, jantiyès, jistis, ekite, oswa yon lòt bagay? Mete tèt nou ansanm pou n fè yon gwo pankat ki gen mesaj sa a ekri sou li. Afiche li nan fenèt ou, nan lakou w, oswa sou pòt ou.
Li: Separate is Never Equal, liv Duncan Tonatiuh ekri
Liv imaj sa a ki pa yon liv fiksyon rakonte istwa Sylvia Mendez ak fanmi li. Nan lane 1950, yo te rele distri lekòl California a lajistis pou fè li kwape segregasyon elèv Blan ak elèv Latino yo nan lekòl piblik yo. Pa bliye liv sa a gen yon tèks wo nivo, kidonk li apwopriye pou timoun ki pi gran yo.
Apre w fin li liv sa a, mande pitit ou yo sa yo ta renmen chanje nan lekòl yo frekante yo ak kominote kote yo ye a. Kijan Sylvia te kreye chanjman? Kijan yo te kapab kreye chanjman? Eksplike yo pou di menm timoun piti yo kapab patisipe nan amelyorasyon kominote kote yo ye a.
Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Asyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye a li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.