VISIT OUR PARENT SITE AT FCSN.ORG

Liy telefòn pou chache enfomasyon sou lekòl - Lap ede fanmi yo konprann opsyon yo genyen pou lekòl - (800) 208-2242 - SchoolFinder@fcsn.org

System Lekòl Piblik la bay tout ti moun kap viv Etazini edikasyon gratis. Yon Valè de baz nan edikasyon piblik se ke opòtinite yo, ak chans yo, egal pou  tout elev. Fanmi yo gen responsablite pou voye ti moun yo lekòl. Chak lekòl nan Etazini ki enkli Porto Rico dwe suiv seten reg estanda.

Lekòl Piblik nan Massachussets

Chak fanmi abite nan yon distri lekòl piblik. An jeneral distri a sevi elèv ki soti nan mem vil la ou byen nan lòt vil.Tout  elev kap viv nan yon distri dwe al lekòl gratis. Transpòtasyon yo bay daprè distans ant lakay ou ak lekòl la. 

Ki jan pou enskri nan Distri lekòl piblik ou a
  • Kondisyon yo varye, men an jeneral, yo mande yon fom enkripsyon ak dokiman sipò.
  • Yo ka mande pou bay yon bil limyè, yon kontra, ou byen yon prèv ke wap viv nan vil la.
  • Mem si  wap viv nan shèltè, ou kapab voye pitit ou lekòl.
  • Nou dwe bay prev ke ti moun yo pran vaksen. ​
  • Distri lekòl la pa ta dwe mande kesyon sou estati imigrasyon.
Enskripsyon nan yon lòt distri 

Pwogram nou pral site yo gen diferan kondisyon ak pwosedi nan aplikasyon wap fe pou yo 

  • METCO: se yon pwogram ki fet pou yo ka ogmante divesite nan lekol yo Elev ki nan Boston ak Springfield kapab aplike​ nan vil ki pi pre yo.Yo bay transpòtasyon.
  • Inter-District School Choice: ou ka aplike pou voye pitit ou nan yon distri lekòl ki  tou pre w, si l patisipe nan pwogram sa a. Yo pa bay transpòtasyon. 
  • Non-Resident Tuition Program (Pwogram ekolaj pou elèv yo ki pa rezide nan distrilekòl la): Nan kek ka, elevyo ka enskri nan yon lòt distri pou patisipe nan seten pwogram Teknik pwofesyonel. Yo pa bay transpòtasyon.
African American girl in charter school uniform reading a bookChatè School 
  • Se leta ki finanse yo, men yo endependan de vil kote yo ye a.
  • Fami yo dwefè yon aplikasyon .
  • Yap fe yon tiraj pou yo ka konen ki elev  yap aksepte nan lekòl la.
  • Transpòtasyon ka disponib, men l depann de ki  w abite  avek ki kote adres Chate School la ye.
Lot Lekòl piblik ki mande yon aplikasyon 
Lekòl prive
  • Yo finanse pa don prive ou byen pa frè ekolaj elev yo.
  • Lekol relijye yo se yon kalite lekòl prive
  • Admisyon an kapab base sou rezilta tes yo, nòt egzamen yo,dosye dsiplin, entèvyou oswa egzanp travay elèv yo. 
  • Yo ka ofri bous detid.
  • An jeneral, yo pa bay transpotasyon.
Lekòl ki bay èd espesyalize
  • Recovery Schools ( lekol Rekiperasyon) se lekòl piblik ki bay sipò ​ak elèv ki tap lite ak dwòg ak alkòl.
  • Lekòl edikasyon espesyal ka piblik ou ​prive. Atrave yon pwosesis IEP, kek elèv ki gen andikap ,ale nan yon lekòl edikasyon espesyal e se distri lekòl nan zon lakay yo ki peye ekolaj la.
Lekòl vityèl 
  • Aprantisaj yo fèt sou entenèt .
  • Commonwealth Virtual Schools(lekòl vityèl Commonwealth)se yon lekòl piblik li ye tou. ​
  • Se pwofesè ki gen lisans ki anseye nan klas yo. ​
  • Yon aplikasyon obligatwa, fòk ou aplike. ​
  • Si espas la two piti pou kantike elèv ki aplike,yo fè yon lotri. ​
Lekòl lakay​ 
  • Fanmi yo dwe fe aplikasyon nan lekòl distri eskolè zòn pa yo pou yo ka jwen pèmisyon pou fe lekòl lakay pou pitit ou