Lè w di sezon ete, ou di fèy k ap tonbe, ji pòm ki cho ak yon pakèt okazyon pou fè timoun preskolè yo fè aktivite syantifik! Timoun piti yo se bonjan syantifik. Yo poze anpil kesyon, yo fè anpil eksperyans, epi yo obsève tout sa ki ozalantou yo. Aktivite senp ak amizan sa yo itilize anvi konnen natirèl timoun yo, epi yo mande tikal preparasyon oswa yo pa mande okenn preparasyon.
Sitwouy Koule oswa Flote – Pandan w ap dekape sitwouy yo oswa pandan w ap fè manje avèk yo oswa lòt kalbas yo, bay pitit ou a yon gwo bòl plen dlo, epi ba li tout bagay ou p ap itilize. Ankouraje li mete diferan pati nan kalbas la nan dlo a pou li wè si yo ap koule oswa flote. Sa kapab gen ladan l grenn yo, bòk la, ak fib yo, ansanm avèk moso nan po a ak nannan an. Mande timoun yo predi sa ki pral koule ak sa ki pral flote, epi fè yo teste prediksyon sa yo. Pou fè yo kontinye jwe poukont yo, ba yo yon kiyè, tas, pensèt ki adapte pou timoun, ak nenpòt lòt bagay yo kapab itilize pou yo fè eksperyans avèk dlo. (REMAK: fòk toujou gen yon moun k ap voye je sou timoun yo lè yo ap jwe nan dlo.)
Kwomatografi sou Fèy – Ranmase tout kalite fèy avèk pitit ou a. Eseye ranmase tout koulè nou kapab. Retounen nan kizin nan, koupe oswa chire yo fè plizyè moso. Mete chak fèy ki chire nan yon tas apa, ansanm avèk yon sèvyèt papye ki kanpe dwat, tankou yon riban pH. Mande pitit ou a deplase al sou kote pandan w ap ajoute asetòn oswa alkòl nan tas la. Melanje moso fèy yo epi kraze yo nan likid la. Apresa, mete tas yo sou kote.
Apre 3 a 4 èdtan, ou ta dwe wè plizyè koulè sou sèvyèt papye a. Chak riban koulè reprezante yon koulè ki nan fèy la. Pa bliye tank ou mete plis likid nan tas la, se tank koulè yo ap monte pi wo, epi se tank yo ap gen plis chans pou yo separe. Montre pitit ou a sèvyèt papye a, epi mande li ki koulè li te panse li t ap wè ak ki koulè li pa t panse li t ap wè. Se yon bon moman tou pou w entwodui mo klowofil la, epi pou w eksplike fason fèy yo itilize tenti ki sou sèvyèt papye a pou yo fè limyè solèy la tounen manje.
Al Chèche Grenn – Se sezon otòn, sa vle di genyen grenn toupatou! Nan sezon otòn, ou jwenn grenn erab, grenn bwadchenn, pòm bwa pen, zèb madan bouven, ak gous toupatou. Ranmase diferan kalite grenn epi ale lakay ou avèk yo. Kite pitit ou a dekouvri yo poukont li. Si sa posib, ba li yon loup ak pensèt ki adapte pou timoun. Epitou, ba li akwarèl ak kreyon koulè yo epi mande l desinen sa li wè a. Pandan l ap obsève gwosè, fòm, ak anndan grenn yo, pale sou fason diferan grenn yo simaye. Pa egzanp, se van an ki simaye grenn erab yo, alòske se bèt tankou ekirèy ki simaye grenn bwadchenn yo. Pou fini, si sa posib, plante yon grenn pou wè sa k ap pase.
Defi Pòm – Koupe plizyè ti moso pòm epi mete yo nan 4 a 5 ti tas oswa resipyan Tupperware. Kite yon resipyan san likid. Mete dlo, ji sitwon, vinèg, dlo tonik, soda, oswa nenpòt lòt bagay ou genyen nan lòt resipyan yo. Kite moso pòm yo repoze pandan jounen an epi gade sa k ap pase. Gen plis chans pou moso pòm ki pa gen likid la dore: se pòm nan ki reyaji avèk oksijèn nan. Diferan kalite likid ap kreye diferan degre koulè dore, oswa yo ap anpeche moso pòm yo dore. Retire moso pòm yo nan likid yo epi kite timoun yo dekouvri koulè yo ak fòm chak fwi.
Defi Jeni nan Sezon Otòn – Ranmase fèy yo, ti bwa yo, pòm bwa pen yo, wòch galèt yo, gous yo, grenn erab yo, ak nenpòt lòt bagay ou kapab jwenn pandan w ap pwomennen oswa nan lakou a. Apresa, eseye konstui avèk sa w jwenn yo. Kite pitit ou a itilize imajinasyon li, oswa eseye bay youn lòt defi. Nan ki wotè ou kapab anpile pòm bwa pen yo? Èske ou kapab fè yon eskilti fèy ki rete kanpe? Lè w fin konstui, ankouraje pitit ou a itilize materyèl yo pou l fè yon kolaj, oswa entegre yo nan jwèt fè sanblan.
Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Azyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye a li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.