Three handprints in green, blue, and orange and the words Early ChildhoodLè w di sezon ivè, ou di nèj, fredi – ak syans! Aktivite sa yo se yon bon mwayen pou w ede timoun yo dekouvri lanati, epi pou w aprann yo fason pou yo mennen pwòp ankèt pa yo.

  1. Fason pou Mezire Likid ki Fonn Dlo se yon likid nan tanperati nòmal. Men, lè li jele, li kapab pran plizyè fòm. Li kapab tounen glas, grèl, ak nèj! Itilize yon tas a mezire pou w pran yon kantite nèj. Note kantite ou pran an. Apresa, kite nèj la fonn. Gade kantite dlo ki rete nan tas la. Ou ta dwe konstate yon vyepti kal dlo fè anpil nèj! Pou w elaji eksperyans lan, mezire yon kantite dlo epi apresa jele li nan yon tas a mezire. Lè li jele, gade kantite espas glas la pran. Refè eksperyans sa a avèk diferan likid tankou ji, lèt, oswa menm vinèg ak sòs soja, pou w konpare kantite likid ou bezwen pou fè yon solid.
  2. Fason pou Transfòme Pòm Bwa Pen Rasanble pòm bwa pen yo deyò a epi kite yo tranpe nan dlo cho oswa dlo frèt. Kisa ki rive yo? (Ou ta dwe wè yo vide desann.) Apresa mete yo arebò yon fenèt, swa nan fou a swa nan yon tanperati ki ba pou w kite yo seche. Kisa ki pase apresa? (Ou ta dwe wè yo gwosi.) Fè eksperyans sa a avèk plizyè kalite pòm bwa pen. Prevwa sa k ap rive pòm bwa pen yo nan nèj la.
  3. Atizaj ak Glas Jele dlo a nan bòl oswa gwo gode pou w kreye gwo tonton kare glas. Pran kare glas sa yo epi mete yo sou yon plak fou oswa yon plato ki gen sou kote ki wo. (Epitou, ou ka oblije mete yon sèvyèt anba plato a pou fasilite netwayaj la. Mande timoun yo simen sèl sou glas la. Kisa ki pase? (Ou ta dwe wè sèl la fè glas la fonn paske li bese nan tanperati glas la rive pou l jele a.) Apresa, itilize yon pipèt oswa konngout ki adapte pou timoun pou w ajoute akwarèl oswa sibstans pou bay manje koulè sou glas la. (Ou ta dwe wè sibstans pou bay manje koulè a koule nan fant sèl la kreye yo epi li bay glas la koulè.) Kite timoun yo kontinye fè eksperyans avèk sibstans pou bay koulè a ak sèl la. Bay timoun yo loup, pensèt, oswa lòt zouti timoun kapab itilize pou yo fè plis dekouvèt.
  4. white snowflake on black backgroundDekouvèt Flokon Nèj Lè nèj kòmanse tonbe, mete yon moso twal nwa oswa yon katon deyò a oswa nan frizè a pandan 15 a 20 minit jiskaske li jele. Apresa, retire katon an epi al mete l nan nèj la deyò a epi gade flokon nèj yo k ap tonbe sou li. Itilize yon loup pou w gade kristal sis (6) pwent yo. Ou ta dwe wè yo byen klè sou sifas ki nwa a. Apresa, rantre epi desinen sa ou te obsève a.
  5. Tras Pye Enteresan Apre nèj la fin tonbe, soti deyò a epi chèche tras pye bèt yo. Si w gen yon règ, mezire tras pye yo ak distans yo ye. Eseye devine non bèt ki kite tras pye yo a. Apresa, suiv tras pye yo epi devine sa bèt la te petèt ap fè pandan li t ap mache a. Èske li te manje zèb? Èske li te fouye yon twou? Lè timoun yo fin eksplore, ba yo yon ti kantite farin nan yon plato ak kèk ti estati bèt an plastik. Mande yo itilize bèt jwèt yo pou yo fè tras pye. Nan kisa tras pye yo diferan? Nan kisa yo sanble? Kijan yo fè w chanje opinyon w te genyen sou tras pye ou te wè deja yo?

 

Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Azyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye a li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.