Pou anpil granmoun, depi yo annik tande mo lekòl entèmedyè a, yo gen yon bann pwoblèm. Gras ak yon maryaj kilti popilè ak memwa kolektif, anpil nan nou asosye adolesans lan ak agresyon, move karaktè, trayizon ak (pafwa) maladrès terib lè jèn moun nan peryòd kwasans yo. Se menm jan an, yo souvan konsidere timoun ki nan lekòl entèmedyè yo kòm timoun ki pi difisil pou ede oswa amelyore nan sosyete nou an.
Menm si lekòl entèmedyè a se yon peryòd kote timoun yo sibi anpil chanjman nan kò ak lespri yo, sa pa vle di lekòl entèmedyè a oswa timoun ki nan lekòl entèmedyè yo oblije difisil pou jere. An reyalite, adolesans lan kapab yon bon okazyon non sèlman pou timoun yo grandi antanke moun, men tou pou relasyon w avèk yo vin pi djanm.
Men kèk fason pou nou chanje fason nou wè peryòd adolesans lan:
Mit nimewo 1: Moun pa ka kontwole timoun ki nan lekòl entèmedyè yo.
Nan liv li an ki gen pou tit Brainstorm: The Power and Purpose of the Teenage Brain, Daniel J. Siegel di adolesans lan make yon peryòd kwasans entèlektyèl tèt chaje. Yon fason pou anvizaje peryòd sa a se konpare li ak peryòd kote pitit ou a te genyen ant 0 ak 5 lane, ki se petèt dènye peryòd pouse kwasans li. Selon Siegel, kwasans sa a fè timoun ki gen laj sa a anvi fè nouvo eksperyans. Malerezman, timoun ki nan lekòl entèmedyè yo poko gen kapasite refleksyon ak matirite ki nesesè pou sa.
Li bon pou w konpare peryòd sa a ak peryòd kote pitit ou a te tou piti: lè pitit ou a te fenk kòmanse mache, ou te oblije jwenn yon ekilib ant ba li libète ak ba li pwoteksyon. Si li pa metrize anvi konnen sa a, sa kapab lakoz li fè aktivite ki danjere tankou al goute sibstans ki fè moun adikte. Men, ou kapab kanalize atitid sa a nan yon bon direksyon lè w satisfè bezwen sa a li genyen pou l fè nouvo eksperyans lan nan yon mannyè ki itil ak pwodiktif. Ede pitit ou a enskri nan klèb oswa aktivite lè lekòl fin lage, vwayaje avèk li, epi fè li dekouvri nouvo kilti ak lòt mòdvi. Avèk detwa konsèy, ou kapab konsidere anvi konnen pitit ou a tankou yon avantaj, se pa yon andikap.
Mit nimewo 2: Timoun ki nan lekòl entèmedyè yo pèdi sans moral yo.
Lè pitit ou a rive nan lekòl entèmedyè, ou ka remake konpòtman li chanje anpil avèk ou. Lè li te nan lekòl primè, li te konn pran san li pou l koute sa w ap di li sou mond lan. Men, pandan li nan lekòl entèmedyè a, li gendwa kòmanse pa dakò avèk sa w ap di yo. Byenke li pa janm bon pou timoun yo fè derespektan, se pa yon pwoblèm si pitit ou yo defye otorite. Nan laj sa a, yon pati ki esansyèl nan devlopman idantite a se kreye yon ansanm valè timoun yo pral itilize pi devan.
Olye ou fè moral pitit ou a, poze li kesyon epi pale li de valè yo avèk yon espri ouvè. Poukisa li poze kesyon sa yo? Poukisa li pa dakò avèk ou? Lè w ouvè avèk pitit ou yo, sa ap pèmèt yo genyen lespri kritik epi sa ap pèmèt yo fè w konfyans. Konfyans sa a ap enpòtan pou lè yo fè erè pi devan.
Mit nimewo 3: Timoun ki nan lekòl entèmedyè yo anba anpriz òmòn / yo sansib anpil pou popilarite.
Menm si peryòd kwasans lan chanje ekilib òmòn kay timoun ki nan lekòl entèmedyè yo, se pa sèl bagay ki fè yo chanje fason yo wè zafè relasyon an. Phyllis Fagell, ki ekri liv ki gen pou tit “Middle School Matters”, eksplike pou li di pandan adolesans lan, zafè zanmitay la pase nan estati senp vwazen pou li ale nan estati kote moun pataje menm enterè ak valè. Sa vle di pandan peryòd kwasans sa a, timoun yo konsantre yo plis sou relasyon yo, kit se relasyon anmoure, kit se pa relasyon anmoure.
Anvi yo genyen pou yo pwogrese nan sosyete a gendwa se pa pou yo genyen kapital sosyal, men pito pou yo jwenn yon plas nan yon nouvo peyizaj emosyonèl. Eksperyans seksyèl yo fè gendwa pa twò gen pou wè ak plezi men yo ka plis ap chèche sa ki fè yo alèz nan relasyon sere yo. Byenke li enpòtan pou w pale sou aspè fizik ak aspè sante sèks la, li enpòtan tou pou w pale sou sa ki bon relasyon yo, kit se relasyon zanmitay oswa lòt kalite relasyon.
Mit nimewo 4: Timoun ki nan lekòl entèmedyè yo pa vle rete bòkote paran yo ankò.
Menm si ou gen lenpresyon timoun yo ap repouse w, an reyalite, pandan adolesans lan, yo bezwen ou anpil. Men, ofiyamezi yo ap vin pi endepandan, fòk yo chanje relasyon yo avèk paran yo ak moun k ap ba yo swen, menm jan yo fè li pou lòt relasyon yo. Fè tout sa w kapab pou w la pou pitit ou a, menm si w gen lenpresyon li pa vle prezans ou. Padone li lè l fè yon erè, ede l repran bon chimen an, epi di li ou renmen li san rete.
Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Azyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye a li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.
