Sezon ivè a ak jou fèt yo se moman kote paran timoun piti yo okipe. Se moman tou kote yo gen kè kontan ak estrès. Men kèk resous pou fèt nou panse ki itil anpil ane sa a!
Ide Aprantisaj pou Fèt yo
Asosyasyon Nasyonal pou Edikasyon Timoun Piti pwopoze 10 mwayen pou ede pitit ou a aprann pandan jou fèt yo – tout ap itil nenpòt jou pandan fredi sezon ivè a! Men kèk egzanp:
- Kite pitit ou a ede w avèk yon gwo travay.
- Fè manje ansanm.
- Eksplore lanati!
Li toulè 10 – LA A.
Selebre Fèt ak Tradisyon Diferan
Èske w ap chèche rekòmandasyon pou liv timoun ki selebre ak montre bèlte diferan kilti? Fè yon koutje sou lis sa a ki soti sou yon blòg lekti pou timoun ki rele Brightly.
Pwòpte ak Klate
Òganizasyon ki baze nan Washington D.C. k ap defann dwa timoun piti yo, ki rele Zero to Three bay yon dividal konsèy, lyen, ak ide liv pou paran tibebe ak timoun piti yo ak moun k ap ba yo swen yo. Li tout atik la – oswa kèk nan sa nou prefere yo, nan lyen ki pi ba a.