Dapre Enstiti Politik Migratwa, prèske yonn sou twa timoun ki poko gen nèf lane konsidere kòm moun k ap aprann de lang, sa vle di yo genyen omwen yon paran oswa moun k ap pran swen yo lakay ki pale avèk yo nan yon lang ki pa Anglè. Chak jou k ap pase, rechèch yo montre elèv sa yo gen plizyè avantaj sou kamarad yo ki pale yon sèl lang. Men kèk avantaj moun k ap aprann de lang yo genyen sou elèv ki leve ap pale oswa tande yon lang sèlman.
- Pi bon fonksyònman egzekitif. Timoun ki pale plizyè lang k ap plede chanje lang lakay ak nan lòt anviwònman – sa gen lekòl ladann, men se pa sa sèlman – gen opòtinite chak jou pou yo fè pratik panse yon fason ki fleksib. Epitou yo plis ka konsantre pase kamarad yo ki pale yon sèl lang, e souvan yo gen yon memwa travay ki pi solid. Tout karakteristik sa yo amelyore fonksyònman egzekitif yo e kontribye nan reyisit akademik yo.
- Pi bon metriz. Timoun k ap plede chanje ant plizyè lang dwe aprann sispann kouri pale nan yon lang pandan y ap aktive lòt la. Sa se pa sèlman yon fòm panse ki fleksib, li se tou yon fòm metriz.
- Panse abstrè ki pi solid. Byen bonè, timoun aprann ke lang se yon bagay abstrè, e plizyè mo ka asosye ak menm bagay ki konkrè a. Kapasite sa a yo devlope byen bonè pou bagay ki abstrè tou ba yo yon avantaj nan aprantisaj ak devlopman sou kamarad yo.
- Kapab wè plizyè pèspektiv. Petèt paske yo ka kominike ak divès kalite moun, moun k ap aprann plizyè lang yo gen bonjan konpetans tou nan konprann pèspektiv ki diferan de pa yo. Sa a se yon bagay pratik ki ede timoun aprann mete yo nan plas lòt moun, e fè yo vin pi bon sitwayen.
- Pwennvi ki pi pozitif sou kilti lakay. Timoun ki leve kote yo pale yon dezyèm lang plis gen tandans bay kilti yo genyen lakay yo valè. Santiman sa a lakay ou ki fò anpil enpòtan nonsèlman nan devlopman konpetans sosyal, men tou pou bati yon sistèm ki pisan k ap detekte rasis ak zenofobi epi vin reyalize ke li se yon pwoblèm estriktirèl, olye li pèsonèl.
- Opòtinite pou lavni yo ogmante. Nan yon monn ki pi konekte chak jou k ap pase, timoun ki pale plizyè lang yo ap gen yon avantaj pwofesyonèl lè yo gran ase pou yo kenbe yon travay.
- Pi bon sante sèvo pandan tout lavi. Yon rechèch ki resan vle fè konprann ke lè yon moun pale plizyè lang sa ka diminye efè maladi Alzaymè. An reyalite, dapre yon etid, moun ki pale plizyè lang yo vin fè maladi Alzaymè kat lane apre moun ki pale yon sèl lang yo, epi premye sentòm yo pa twò grav.
Nan kèk fanmi, timoun yo pa aprann lang nan kay la anvan laj uit oswa nèf lane, oswa yo ka bliye lang lakay yo a paske yo deplase oswa sitiyasyon fanmi an chanje. Si se sitiyasyon pa ou, pa enkyete w! Plizyè nan avantaj sa yo rete pou tout lavi, sa vle di li pa janm twò ta pou ou – oswa pou timoun ou yo – aprann yon lòt lang.