Yellow cartoonish Book with blue outlineEleksyon ki pral fèt nan mwa novanm nan gen risk pou li se eleksyon ki gen plis latwoublay. Menm si ou pa eksplike timoun ou genyen ki pi piti yo sitiyasyon politik n ap viv jounen jodi a, yo petèt santi gen yon bagay ki ap bay granmoun yo pwoblèm. Timou ki nan kindègadenn yo ak sa ki fenk tanmen lekòl yo (menm granmoun yo tou) gen difikilte pou yo fè fas ak sitiyasyon yo ki pa fin twò klè. Donk, olye pou kite yo devine sa k ap trakase granmoun yo, li pi bon pou n di yo bagay la jan li ye a.

Ou pa konnen fason pou w pale ak yon timoun piti sou eleksyon ki pi enpòtan pou nou jounen jodi a? Pa bay tèt ou pwoblèm! Ou pa oblije: liv ki gen imaj yo ap fè travay la pou ou. Men yon lis liv imaj ki pale sou eleksyon ou menm ak pitit ou a kapab li ansanm, yo vini ak aktivite pratik, ki baze sou jwèt ki pou ede li konprann sa l ap aprann nan.

Aktivite sa yo p ap sèlman itil pitit ou a, yo ap itil ou tou: pa bliye, nan moman latwoublay, menm granmoun yo oblije fè jwèt!

The cover of the book V is for Voting features a Black girl wearing a striped shirt in the foreground and other people in the background.

V is for Voting (Vote enpòtan)

Liv alfabèt sa a ki chaje ak rim eksplike ide senp sou fason pou patisipe nan kominote w, tankou vote, elatriye. Tèks la pase pran diferan sijè, tankou enpòtans manifestasyon, istwa lit pou dwa vòt fanm ak lide ki fè kwè yo konstwi Etazini sou yon pil tè yo te sezi nan men pèp Endijèn yo. Imaj yo bèl anpil, epi chak detay kapab lanse yon konvèsasyon.

Aktivite: Ekri pwòp alfabè elektoral pa w! Mande pitit ou a sa li remake nan eleksyon sa a. Sa ka gen ladan l pankat nan lakou, afich, bilten vòt, ak piblisite. Ede li fè yon liv oswa yon afich. Pou w fè sa, fè lè li ekri mo li dikte w yo epi kite li fè demonstrasyon yo. Si gen lèt ki manke, retounen nan liv V is for Voting nan pou l jwenn enspirasyon.

cover of President of the Jungle

The President of the Jungle (Prezidan Jeng lan)

Sèjousi, Lyon, ki se prezidan aktyèl jeng lan, sanble konsantre li plis sou bezwen li yo pase bezwen kreyati l ap dirije yo. Bèt yo nan jeng lan leve kanpe pou yo di sètase. Yo òganize yon eleksyon. Plizyè kandida deside patisipe nan eleksyon an. Kesyon an se, kiyès k ap genyen? Se yon liv ki chaman, komik, epi ki gen bèl imaj ki eksplike pwosesis kanpay ak vòt la byen klè.

Aktivite: Fè jwèt eleksyon! Men kijan nou fè li lakay mwen: pitit fi mwen an dekoupe “bilten vòt yo” nan papye bouyon, apresa li mete nounous li yo sou liy pou yo vote. Li chwazi twa (3) kandida tou. Chak nounous vote. Lè eleksyon an fini, li deklare nounous ki genyen an. (Rezilta yo pa toujou koresponn ak bilten vòt yo – eskize m si m di sa, men lakay mwen koripsyon an ap vale teren.) Pitit ou a gendwa gen yon fason ki diferan pou l jwe. Men, nenpòt sa l vle fè a, jis suiv li. Pa bliye, timoun yo aprann ak konprann bagay nan jwèt fè sanblan. Donk, si sa p ap deranje li, kite pran kontwòl jwèt la pou l gide l.

cover of the book Vote for Our Future

Vote For Our Future (Vote pou Demen Nou)

Lè timoun ki nan lekòl Stanton Elementary yo aprann lekòl yo a pral yon biwo vòt, zafè eleksyon an kòmanse enterese yo. Yo mete tèt ansanm pou yo fè rechèch, epi apresa yo pale avèk moun nan kominote yo a pou yo asire yo tout moun konnen kijan ak kilè pou yo vote. Liv sa a, ki gen yon dividal pèsonaj ki diferan ak enteresan, se yon mwayen ki fasil ak amizan pou aprann timoun yo sa vòt la ye epi poukisa li enpòtan pou yo vote. Epitou, li se yon gid itil pou paran ki vle ankouraje fanmi yo pou yo al vote.

Aktivite: Timoun ki nan Stanton Elementary yo kontakte pwòch yo pou yo konnen fason y ap vote, e ou kapab fè menm bagay la! Fè yon kolaj foto tout granmoun ki enpòtan nan lavi w ki vote. Apresa, antre an kontak avèk yo pou w asire w yo konnen kijan ak kilè pou yo vote ane sa a. Ou kapab voye ba yo videyo kote ou menm ak pitit ou a ap pale sou enpòtans vote genyen, kat pitit ou a fè ki montre etap ki nesesè pou vote, oswa ou kapab rele yo nan telefòn pou w mande yo pou ki moun yo ap vote epi poukisa. Asire w koute ide pitit ou a tou. Li gendwa genyen kèk bon grenn ide!

The cover of the book Grace for President

Grace for President (Vote Grace pou Prezidan)

Lè Grace dekouvri poko janm gen yon fanm ki prezidan Etazini, li endiye. Li deklare se li ki pral premye fanm ki prezidan. Lè pwofesè li an wè sa, li sijere pou yo òganize yon eleksyon nan tout lekòl la, yon fason pou Grace kapab fè pratik nan zafè mennen kanpay. Men, yo p ap deklare kandida ki genyen an nan vòt popilè a; yo ap bay chak timoun yon Eta pou l reprezante, yon fason pou vòt la reflete kolèj elektoral la. Grace ap mennen kanpay li rèd, men kandida ki anfas li a, Thomas Cobb, kwè se li menm k ap genyen. Se yon liv ki prezante divès pèsonaj – Grace se yon moun Nwa – entrig lan enteresan, epi se premye liv ki bay yon eksplikasyon konsa sou kolèj elektoral la.

Aktivite: Nan tout liv la, Grace ap mennen kanpay. Patisipe nan yon kanpay epi mande pitit ou a fè menm bagay la. Lakay la, nou ekri kat postal, epi pitit fi mwen an li menm kole tenm yo. Epitou, ou kapab fè pitit ou a ede w mete yon pankat nan lakou a, ou kapab fè l fè pwòp pankat pa li, oswa fè yon afich pou l mete fenèt ou a. Pandan n ap travay, fè yon pale sou rezon ki fè fanmi w ap kandida patikilye sa yo, epi sa ou espere yo pral fè pou kominote w la.

cover of the book Equity's Call

Equality’s Call (Apèl pou Egalite): The Story of Voting Rights in America (Istwa Dwa Vòt nan peyi Etazini)

Tèks rime sa a dekri toutbonvre lit pou dwa vòt nan peyi Etazini. Byenke liv la adapte pou timoun, li montre aklè okòmansman, gouvènman nou an pa t bay moun ki pa blan yo, fanm yo, oswa moun ki nan klas ouvriye yo dwa pou yo vote. Mesaj liv la ki di, “Yon dwa se pa yon dwa toutotan tout moun pa jwi li,” bay motivasyon epi li fasil pou konprann. Se yon bon tranch istwa elektoral pou timoun, menm sa ki pi piti yo.

Aktivite: Kijan nou kapab ede lòt moun yo vote? Eksplike pitit ou a fason ou kapab ede zanmi w ak vwazen w yo vote. Pale sou plan vòt ou a, epi mande pitit ou a fason li panse li kapab ede lòt moun yo fè yon plan vòt. Kite pitit ou a elabore yon plan pou zanmi ak fanmi sa yo, si w alèz, kite l voye li ba yo nan lapòs.

 

Apre w fin pale avèk pitit ou a sou eleksyon an, pa bliye fè sa ki pi enpòtan an, ki se: vote! Fè yon plan vòt, epi vote alavans. Montre pitit ou a fason ou ranpli bilten vòt ou an, ale avèk li nan bwat depo ki nan zòn ou an (si pa gen danje), oswa mande li mete yon tenm sou anvlòp ou a, oswa ale vote avèk li an pèsòn (yon lòt fwa ankò, si pa gen danje.) Raple li jan zansèt nou yo te goumen pou yo jwenn dwa vòt nou an, epi di li nou onore konba yo a chak fwa nou vote. Pitit nou yo dwe rete tann plis pase dis (10) lane pou yo vote, men pa gen okenn rezon ki fè edikasyon politik yo pa ka kòmanse kounye a.

 

Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Asyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.