Jou sezon ivè yo kout, sa ki vle di timoun yo genyen plis tan pou yo obsève syèl la lannuit. Aktivite sa a sitou enteresan pou timoun preskolè yo paske lè pou yo al kouche bonè a pèmèt yo dòmi epi reveye pandan li fè jou.

Men kèk ide pou ka pwofite fènwa bonè a epi fè timoun yo anvi fè aktivite lannuit.

 

Fè Bèt Seren

Bèt seren yo regle zafè yo lannuit epi yo dòmi lajounen. Jeneralman, bèt sa yo genyen karakterisktik espesyal ki pèmèt yo rete an siviv lannuit. Yo chanje koulè ki pèmèt yo kamoufle nan fènwa a, yo gen gwo je ki fè yo wè pi byen leswa, yo gen zòrèy ak nen fen pou pèmèt yo oryante yo lè yo pa ka wè byen.

Itilize yon papye konstriksyon, je mobil, ti moso twal, ak lòt materyèl brikolaj pou w kreye pwòp bèt seren pa w. Kreyati sa yo kapab reyèl oswa yo kapab pa reyèl, men si yo pa reyèl, asire w yo genyen sa yo bezwen pou siviv lannuit!

Pou w jwenn plis enfòmasyon, li liv ki gen pou tit Nighttime, Jill Esbaum ekri.

 

Fè Konstelasyon

Gade syèl la lannuit. Ki imaj ou wè? Mande timoun yo desinen pwòp syèl pa yo epi fè pwòp konstelasyon pa yo.

Pou plis amizman, bay timoun yo otokolan ki gen fòm zetwal oswa plim ki briyan pou yo fè zetwal yo. Ankouraje yo konekte zetwal yo avèk liy yo pou yo ka montre imaj yo imajine yo.

Timoun yo kapab envante pwòp imaj pa yo, oswa yo kapab gade syèl la lannuit pou yo kopye sa yo wè a. Aktivite sa a pèmèt timoun yo konn obsève, li pèmèt yo kreyatif, epi li amelyore mouvman yo fè ak ti men yo.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou konstelasyon yo, fè aktivite sa a avèk liv ki gen pou tit Zoo in the Sky Jacqueline Mitton ekri.

 

Fè yon Lalin

Gade lalin nan. Ki koulè ou wè? Eksplike timoun yo pou di yo tach nwa yo wè nan lalin nan se kratè, oswa gwo twou debri k ap vole yo fè.

Al chase nan lakou w la oswa pak ou a epi ranmase galèt oswa wòch. Lè w retounen lakay, dewoule epi plati patamodle a oswa patasèl la, ou kapab fè li avèk de (2) tas farin, yon (1) tas sèl, epi yon (1) tas dlo. Mande timoun yo fè kratè yo avèk diferan kalite wòch ak galèt yo jwenn. Remake jan wòch ki diferan yo fè kratè ki gen fòm, gwosè, ak estrikti ki diferan. Eseye itilize lòt materyèl, tankou fèy, pòm bwa pen, ak ti bwa epi gade kijan yo afekte sifas lalin nan tou.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou lalin lan, fè aktivite sa a avèk liv ki gen pou tit Moon: A Peek-Through Picture Book, Britta Teckentrup ekri.

 

Fè yon Fize

Di pitit ou a tout objè lezòm fè ki nan lespas, tankou satelit yo, ak Mars Rover ki sou planèt Mas la. Pale li de astwonòt yo ak fason yo te ale sou lalin nan. Gen kèk kote nan syèl la nou ka wè satelit yo: eseye lokalize yo si nou kapab.

Mete tèt nou ansanm pou n fè yon fize avèk materyèl tankou bwat katon, woulo sèvyèt papye, chalimo, fil pou netwaye pip, papye, adezif, ak sizo. Li kapab se yon fize jwèt oswa yon bwat pitit ou kapab chita ladan l toutbon pou l fè jwèt astwonòt. Di pitit ou a itilize imajinasyon l epi panse ak tout sa li vle.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou vwayaj nan lespas, fè aktivite sa a avèk liv ki gen pou tit Mae Among the Stars Roda Ahmed ekri.

 

book cover

Envante yon Istwa sou Orijin Lannuit

Gen anpil kilti ki rakonte istwa sou fason yo te kreye lalin nan, zetwal yo, ak bèt yo. Ki istwa ou tande moun ki nan fanmi ou rakonte? Ki istwa ou tande moun ki pa nan fanmi ou rakonte? Mete tèt nou ansanm pou n envante pwòp istwa pa nou sou fason yo te kreye lalin nan, zetwal yo ak lannuit lan. Ekri istwa a epi mande pitit ou a desinen imaj pou li.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, fè aktivite sa a avèk liv ki gen pou tit How the Stars Came to Be, Poonam Mistry ekri.

 

Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Azyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye a li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.