Pifò atik ki pale sou fason pou moun pran swen tèt yo eseye konvenk ou pou w fè yon bagay: achte yon pwodui, fè plis egzèsis, manje mwens, osnon ajoute yon bagay nan pwogram ou. Pandansetan, anpil nan nou ki pase tan ap travay oswa viv avèk timoun deja santi nou gentan epize anpil.

Mete sou pwòp pwoblèm pa nou yo, gen yon pakèt enfòmasyon ki menase pou anvayi nou: Kantite moun COVID touye, kriz sante mantal kay timoun, fanmi ki sanzabri ak grangou tout ap ogmante. An menm tan, rasis ki se yon pwoblèm sante piblik ki la depi lontan ap fè chimen l san okenn chanjman reyèl pa fèt. Si w tankou mwen, ou ka ap mande tèt ou ki kote, egzakteman, m sipoze fè zafè “swen pèsonèl” la antre nan lavi m?

Youn nan pwofesè meditasyon mwen prefere ki se, Sharon Salzberg, te rakonte yon istwa nan yon atelye mwen te patisipe ladan. Li sonje reyaksyon choke youn nan elèv li yo lè l te mansyone ansyen metafò ki di pou w mete mask oksijèn ou an nan figi w anvan w eseye sove moun ki ozalantou w yo. Te gen yon dam ki te di byen fò, “mwen pa ka fè sa!”

Nou tout te ri. Selon mwen, se paske nou te konnen egzakteman rezon ki fè sa l te di a te komik. Si mask oksijèn yo t ap sot tonbe nan plafon an toutbon, mwen t ap fè sa yo di m fè a. Men, lè yon moun sèvi ak metafò sa a pou l eseye fè mwen adopte yon nouvo bon abitid, mwen souvan di, “mwen p ap ka fè sa”. Kijan mwen kapab pran swen tèt mwen lè m gen tout bagay sou kont mwen?

Nou pa twò kore moun k ap edike ak pran swen timoun ak jèn moun yo nan sosyete nou an. Pandan pandemi COVID la, nou kapab santi nou poukont nou, men li enpòtan pou nou rete an kontak ak timoun yo epi rete an sante pou yo. Pou nou kontinye kore jèn moun yo, paran yo, pwofesè yo ak moun k ap bay swen yo, fòk nou jere relasyon nou genyen youn ak lòt epi tou avèk tèt nou.

Si w gen tandans neglije pwòp tèt ou, eseye panse ak swen pèsonèl la non sèlman tankou yon bagay ou ta dwe fè, men tou tankou yon mwayen pou w trete tèt ou ak plis jantiyès. Pa egzanp:

1) Elimine mo “ta dwe” a nan vokabilè ou

Antanke konsiltan epi konseye, youn nan pawòl penib mwen souvan tande k ap soti nan bouch moun yo se, “mwen konnen mwen ta dwe ____.” Mo ta dwe a se jis yon pawòl nou envante. Se tankou yon règ nou panse yo ap atann nou respekte, men ki pa reyèl. Reponn ak bezwen w yo avèk menm pasyans ak anvi konnen ou t ap montre yon zanmi ki nan bezwen. Olye ou di tèt ou, “mwen ta dwe,” eseye di, “kisa mwen bezwen kounye a?”

2) Men twa (3) kesyon pou poze pou lite kont akableman an: Èske li oblije fèt? Èske li oblije fèt kounye a? Èske mwen oblije fè li?

Mwen te jwenn bon konsèy nan yon gwoup fanm mwen ladan l, epi kesyon sa yo te vrèman libere m. Souvan, repons pou omwen youn nan kesyon sa yo se non. Bagay ki sanble ijan an, yon lòt moun kapab fè l pita, oswa petèt li pa menm oblije fè l. (Si w nan dout, gade ribrik “M pa nan di ta dwe ankò ,” ki pi wo a.)

3) Kreye yon lyen avèk yon bagay ki pi gwo pase w

Li ka difisil pou w antre an kontak avèk moun nan kominote nou an, men li pi fasil jounen jodi a pou nou antre an kontak avèk lòt moun sou entènèt ki gen menm bezwen oswa menm enterè ak nou. Epi nou ka santi nou pi itil lè nou fè ti eksperyans avèk atizay, lanati, kilti ak bagay ki enpòtan pou nou. Lè w fè yon priyè, limen yon bouji reyèl oswa vityèl oswa li yon powèm pa jou, sa kapab ede w jwenn lespwa, epi sa pa mande anpil tan.

Si zafè pran swen tèt la se pa yon  aktivite espesifik, li pa nesesè pou n konsakre yon tan espesifik pou li. Lè n janti ak lè n pran swen tèt nou toutbonvre, nou vin pi djanm epi nou kapab pi byen konekte avèk mond lan epi youn ak lòt.

 

Rosalie Rippey se fondatris ak pwopriyetè Rosalie Rippey Consulting, ki se yon kabinè sansibilizasyon ak kominikasyon k ap sèvi òganizasyon san bi likratif yo ak sektè piblik la. Pandan ven lane, li te travay nan òganizasyon k ap sèvi timoun, jèn moun ak fanmi, tankou nan domèn pwoteksyon timoun, defans dwa paran yo, ak lekòl piblik yo. Epitou, li se paran de (2) adolesan epi li gen abitid kolabore avèk yo pou li reponn ak divès bezwen yo genyen nan zafè aprantisaj.