VISIT OUR PARENT SITE AT FCSN.ORG

Englishespañol | Português | Kreyòl ayisyen | 中国人 | Tiếng Việt

Pataje opinyon ou !

Massachusetts Department of Elementary and Secondary Education (Depatman edikasyon primè ak segondè Massachusetts) ap chèche kòmantè piblik. Ki vle di, yo ta renmen konnen sa w gen pou w di  !

Massachusetts sot resevwa finansman nan men pwogram sibvansyon Stronger Connections (Koneksyon pi solid) la. Awondisman skolè yo pral kapab fè demann pou nouvo sibvansyon nan pwogram sa a ane pwochen. Objektif la se ofri opòtinite ak anviwònman aprantisaj ki asire sekiritè, sante, ak soutyen. Depatman an ap chèche fidbak sou kouman pou defini ki awondisman ki plis bezwen soutyen. Yo te pwopoze definisyon sa a pou yon « ajans edikasyon lokal ak bezwen entansif » :

Yon ajans edikasyon lokal ak yon « Endis bezwen ajans edikasyon lokal » (sòm total pousantaj elèv bezwen entansif, sispansyon andeyò lekòl, epi absans kwonik [lè elèv la manke 20 pousan jou lekòl] an 2022) pou yon ajans edikasyon lokal depase 80, plis tout ajans edikasyon lokal ki rantre nan kad inisyativ Rethinking Discipline (Repanse disiplin) la.

Kisa ou panse parapò definisyon yo pwopoze a ? Tanpri voye kesyon ou oswa kòmantè ou bay achievement@doe.mass.edu disi vandredi 23 desanm, 3 pm

Prentan pwochen, yo pral chache plis opinyon piblik nan konsepsyon pwogram sibvansyon sa a. Finansman pou Stronger Connections disponib atravè lwa federal Bipartisan Safer Communities Act of 2022 (Lwa bipatizan sou kominote pi sekiritè 2022) epi Title IV, Part A (Tit 4, Pati A) nan lwa federal Elementary and Secondary Education Act (ESEA) (Lwa sou edikasyon primè ak segondè) a.