Si ou se paran oswa moun kap okipe yon timoun ki gen laj pou ale lekòl, ou ka tande pale de ogmantasyon absans kwonik. Yo konsidere elèv kòm absan kwonik lè yo rate dis (10) oswa plis jou lekòl pandan yon ane lekòl. Apre pandemi an, gen plis elèv pase tout tan ki tonbe nan kategori sa a, sa ki fè yo rate opòtinite enpòtan pou devlopman sosyal ak emosyonèl yo.
Ou ka ap mande tèt ou poukisa li vrèman enpòtan pou pitit ou ale lekòl regilyèman. Petèt ou menm pa t gen bon eksperyans lekòl, oswa edikasyon ou te entèwonp, e ou pa fin konnen ki benefis pitit ou ap jwenn nan lekòl. Petèt fanmi ou ap viv nan yon lòt peyi, epi ou pa fin sèten si ou ta dwe pran timoun yo nan lekòl pou vizit sa yo. Kèlkeswa rezon ou, men kèk rezon ki fè li enpòtan pou bay prezans lekòl priyorite pou avni ak prezan pitit ou.
- Reyisit akademik: Elèv ki ale lekòl regilyèman gen plis chans pou yo metrize lekti depi nan twazyèm ane epi yo gen mwens chans pou yo abandone lekòl segondè. Voye pitit ou lekòl se kle pou devlopman akademik li.
- Preparasyon pou lekòl: Menmsi li ka parèt tankou lekòl matènèl oswa jadendanfan pa twò enpòtan, verite a se ke timoun yo aprann ladrès esansyèl nan nivo sa yo pou yo ka reyisi pita. Soti nan ponktyalite, panse kritik, rive nan kapasite pou koute byen, prezans regilye prepare timoun yo pou lekòl ak edikasyon siperyè.
- Kontinite nan aprantisaj: Lè pitit ou rate yon jou lekòl, li pran reta sou rès klas la. Si li rate leson enpòtan, li ka difisil pou l rekipere. Kenbe pitit ou ale lekòl se youn nan pi bon fason ou ka sipòte devlopman akademik li ak ede li aprann nan ritm ki mache pou li.
- Anrichisman akademik: Lè elèv rate lekòl, pwofesè oblije pase plis tan ap revize materyèl pou mete timoun yo ajou. Sa fè yo gen mwens tan pou travay ak elèv ki pi avanse oswa fè aktivite anplis tankou pwojè ki devlope panse kritik epi ki fè jounen lekòl la vin plis amizan.
- Sante emosyonèl: Elèv ki ale lekòl regilyèman gen plis chans pou yo devlope bon relasyon ak granmoun ki nan lekòl la. Yo gen plis opòtinite tou pou kominike ak lòt elèv epi bati bon relasyon. Rechèch montre kalite relasyon sa yo ede elèv yo reyisi ni akademikman ni sosyalman nan lavni.
- Ladrès sosyal: Pandan rekreyasyon, manje midi, menm pandan leson, elèv yo aprann travay ak lòt timoun. Sa bay yo opòtinite pou yo pratike rezoud pwoblèm, jere konfli, epi devlope konpasyon, tout sa ki esansyèl pou siksè yo nan lavni.
- Apresyasyon pou divèsite: Nan lekòl, timoun ap kominike ak lòt timoun ki diferan pa ras, sèks, kapasite, klas sosyal, orijin, elatriye. Lè yo pase tan ansanm, yo aprann viv nan yon mond ki vin pi divès chak jou, epi yo aprann apresye epi benefisye de fòs lòt kilti yo.
- Disiplin ak kontwòl tèt yo: Elèv ki ale lekòl regilyèman aprann kontwole emosyon yo nan bon fason, swiv enstriksyon, epi adapte yo ak woutin. Eksperyans sa yo ede yo devlope ladrès tankou andirans, rezistans, ak kapasite pou konsantre—ki ap sèvi yo pandan tout lavi yo.