Simetri a se lè yon objè oswa yon bagay vivan genyen de (2) mwatye ki sanble. Lè timoun yo aprann simetri pandan yo piti, sa pèmèt yo metrize nosyon matematik ki pi difisil yo, sitou fòm yo ak jewometri, pandan yo ap grandi. Aktivite sa yo ki baze sou jwèt pèmèt timoun yo dekouvri diferan kalite simetri.
Fè yon Figi avèk Pyès Detache Figi moun ak figi bèt yo simetri. Se sa ki fè yo se kèk nan premye egzanp simetri tibebe yo aprann rekonèt. Bay yon timoun pyès ki detache tankou ponponm, ti baton krèm mayi, plim, ak ti fil pou netwaye pip epi mande yo fè figi yo. Timoun yo ta dwe genyen moun k ap voye je sou yo lè yo ap itilize bagay ki piti yo.
Penn Papiyon Nan kad aktivite preskolè popilè sa a, timoun yo dekoupe fòm yon papiyon nan papye konstriksyon an epi yo penn sou yon zèl. Apresa, yo pliye papiyon an de (2), yo peze l, epi yo depliye l pou yo fè de (2) zèl ki sanble tèt koupe. Yon lòt fason yo kapab fè l se lè yo pliye yon sèvyèt papye oswa yon grèp an de (2) epi penn pati anlè a avèk akwarèl. Akwarèl la ap layite kò li epi l ap fòme de (2) zèl ki sanble tèt koupe.

Jwèt Miwa Mete yon miwa ki kanpe oswa kite timoun yo jwe toupre yon miwa ki deja plake nan yon mi. Ankouraje yo mete objè yo devan miwa a epi obsève reflè yo. Kite timoun yo jwe avèk objè tankou blòk, tuil, fèy, wòch ak pòm bwa pen pou yo fè desen ak fòm ki simetrik. Timoun yo ta dwe genyen moun k ap voye je sou yo lè yo ap jwe toupre miwa a.
Papèl Pikado Atizana meksiken tradisyonèl sa a se yon bon mwayen pou anseye timoun yo simetri, fòm ak desen yo. Pliye yon moso papye fen plizyè fwa, jiskaske ou genyen yon kare ki gen plizyè kouch. Bay timoun yo sizo epi kite yo dekoupe tout pli yo. Lè yo depliye papye a, yo ap wè fòm simetrik yo te kreye yo. Lè timoun yo fini, yo kapab kwoke bandwòl an papye fen yo sou yon fisèl oswa yon moso fil epi pandye yo kòm dekorasyon. Ale sou chèn youtube Denver Botanical Garden nan pou w jwenn enstriksyon yo nan lang Anglè ak Panyòl.

Al Pwomennen pou Ka Wè Bagay ki Simetrik Al fè yon pwomennen deyò a epi mande pitit ou yo pou yo chèche bagay ki simetrik. Fèy, flè, papiyon, menm pye bwa yo kapab simetrik. Si sa posib, ranmase objè ki simetrik yo epi itilize yo pou n fè yon kolaj lè nou retounen lakay.
Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Azyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye a li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.