Ane 2020 sa a, Diwali, ki se fèt limyè Endou a, ap tonbe 14 novanm. Kit ou pratike Endou, kit ou se yon paran ki vle anseye pitit li diferan tradisyon relijye nan mond lan, kit ou se yon pwofesè ki kreye yon anviwònman aprantisaj ki entegre tout kalite elèv, kit ou se yon moun ki apresye tèm lespwa ak limyè, gen anpil leson enpòtan pou w tire nan Diwali.
Menm si yo jeneralman asosye Diwali avèk peyi Lend, li se yon fèt relijye Endou yo selebre toupatou nan mond lan. Moun nan diferan peyi ak rejyon selebre Diwali a nan fason pa yo, epi divès tradisyon Endou asosye Diwali ak diferan Dye, Deyès, demon epi kont. Men nan lemonnantye, yo asosye Diwali avèk triyonf byen sou mal, ak jan li enpòtan pou lite pou pote limyè kote ki gen tenèb.
Jeneralman, Diwali se yon fèt ki trè sosyal kote gen gwo rasanbleman fanmi ak zanmi. Ane sa a, akoz pandemi an, Endou ki toupatou nan mond lan ap rete kwense anndan lakay yo. Erezman, genyen anpil aktivite fanmi yo kapab fè lakay yo pou yo selebre sezon an san danje.
Fè yon toran avèk fèy sezon otòn yo. Toran yo se dekorasyon yo fè avèk fèy ak flè. Yo itilize yo pou akeyi espri yo nan kay la pandan evènman relijye yo. Nan peyi Etazini, otòn nan se sezon ideyal pou fè yon toran. Ranmase fèy ki gen plizyè koulè nan lakou w la epi mare yo ansanm. Si w pa gen fèy, fè yo avèk papye brikolaj yo, fè plizyè twou nan tij yo epi mare yo ansanm tankou yon kolye. Epitou, ou kapab ajoute flè seche, fwi, madyòk, oswa papye krèp. Pandye toran w lan nan papòt la epi rale chans!
Fè patasèl diya. Pandan fèt Diwali a, fanmi yo mete ti lanp an ajil, yo rele diya, nan fenèt yo ak chimen yo. Ou kapab fè pwòp lanp pa w avèk patasèl.
Pou w fè patasèl la, melanje de (2) tas farin tout izaj avèk yon (1) tas sèl ak yon (1) tas dlo. Fè pat la pran fòm diya yo, epi kuit yo nan fou a. Asire w yo gen bon gwosè ak bon fòm pou yo kenbe yon bouji oswa yon ti bouji ki mache ak pil.
Apre yo fin kwit nan fou, pentire yo. Ou kapab mete diya yo nan fenèt oswa deyò, men asire w rantre yo lè l ap fè lapli.
Fè fanal. Fanal se yon lòt mwayen pou fè dekorasyon avèk limyè. Koupe fòm yo sou kote yon sak an papye pou kreye desen yo. Itilize penti oswa makè pou w bay sak la koulè. Ajoute bandwòl yo anba a. Ajoute fil yo nan tèt fanal la pou ka kwoke li. Mete yon ti bouji ki mache ak pil anndan l pou l ka klere chanm nan!
Fè rangoli. Rangoli (oswa kolam) se desen yo kreye avèk poud kolore sou twotwa yo, wout yo, oswa atè nan tanp Endou yo. Menm jan ak toran yo, rangoli yo akeyi lespri yo ak vizitè yo nan kay yo. Fanmi tradisyonèl yo fè rangoli yo pandan tout ane a, men nan jou fèt tankou Diwali, yo souvan kreye desen ki detaye epi ki bèl anpil. Itilize lakrè pou twotwa pou w fè pwòp desen rangoli pa w. Eseye fè desen simetrik tradisyonèl yo, oswa desinen senbòl tankou lanp ak pyès monnen, moun yo asosye avèk Diwali. Epitou, ou kapab fè rangoli avèk poud kolore, wòch, oswa petal flè. Tank li gen plis koulè ak imajinasyon, se tank li pi bon!
Pote yon ti limyè nan mond lan. Kèlkeswa kote oswa fason yo selebre Diwali a, se yon fèt ki vize pote limyè nan tenèb. Ane sa a, pote kole avèk pitit ou a oswa elèv yo pou n pote yon ti limyè nan lavi yon zanmi, yon vwazen, oswa yon etranje. Fè don manje ki nan bwat konsèv bay yon sant distribisyon manje. Fè kat pou pwòch nou yo oswa etranje ki bezwen yon ti moso lajwa. Ekri yon lèt voye bay depite oswa senatè ki reprezante w la pou di l sa w panse. Fè sansibilizasyon sou yon bagay ki enpòtan pou ou. Fè yon videyo sou li epi pibliye l sou rezo sosyal yo. Pale ak pitit ou a sou fason fanmi w ap ede lòt moun, epi ankouraje li dekouvri sa ki rann li espesyal la.
Selon Mathangi Subramanian, Ed.D., kont yo kapab chanje mond lan. Liv li ekri pou timoun ki nan klas entèmedyè yo ki gen pou tit, Dear Mrs. Naidu, te ranpòte Pri Literè Sid Azyatik la (South Asia Book Award nan lang Anglè), epi doktè Esther Duflo, ki se loreyat pri a, te ajoute liv imaj li an ki gen pou tit “A Butterfly Smile” nan Mize Nobèl la. Yo te chwazi woman li an ki gen pou tit “A People’s History of Heaven” pou pri PEN/Faulkner a, yon finalis pou pri literè LAMBDA a, epi yo te nonmen li Skipping Stones Honors Book. Antanke yon ansyen pwofesè lekòl piblik, analis politik prensipal nan Konsèy Minisipal New York la epi Bousye Fulbright, kounye a li se yon konsiltan nan Sesame Workshop. Li fè yon doktora nan edikasyon nan Columbia Teachers College.