Pou diminye estrès pami elèv yo, ankouraje fanmi yo fè diskisyon ouvè ak pitit yo sou sitiyasyon aktyèl la. Fè yo sonje ke yo pwobableman tande pale de pwoblèm sa yo nan bouch granmoun ak timoun ki alantou yo epi ke li pi bon si timoun yo kapab pale sou sa ak moun k ap okipe yo pou yo kapab resevwa enfòmasyon egzat epi poze kesyon pou klarifye.
Men kèk direktiv pou pale ak timoun nan diferan nivo devlopman sou aksyon imigrasyon yo:
Timoun piti (0-5 lane)
Defini mo:
- Imigran: Yon moun ki kite peyil poul vin nan yon peyi kote li pat fèt. Eksplike ke demenaje nan yon nouvo peyi enplike peye frè epi ranpli fòmilè.
- San papye: Yon moun ki demenaje nan yon peyi kote li pat fèt, men ki pa ranpli fòm yo bezwen pou yo ka rete. Si timoun yo pa fin sèten sa sa vle di, montre yo fòmilè ki gen rapò avèk yo, tankou fòm pèmisyon pou pwomnad oswa kat kontak pou ijans.
- Depòtasyon: Lè yon imigran dwe kite Etazini paske li pa gen bon papye.
Asire timoun yo ke moun k ap okipe yo epi lekòl yo ap travay ansanm pou kenbe yo an sekirite.
Mande timoun yo bay non yon adilt yo ka fè konfyans.
Ankouraje timoun yo poze kesyon. Reponn kesyon yo onètman.
Elemantè (6-9 lane)
Defini mo:
- Imigran: Yon moun ki kite peyil poul vin nan yon peyi kote li pat fèt. Eksplike ke demenaje nan yon nouvo peyi enplike peye frè epi ranpli fòmilè.
- San papye: Yon moun ki demenaje nan yon peyi kote li pat fèt, men ki pa ranpli fòm apwopriye yo.
- Ilegal: Yon mo elèv yo ka tande nan nouvèl epi ki vle di tou “san papye”. Eksplike ke sa a se pa yon tèm fanmi ou itilize paske moun pa janm ka ilegal.
- Depòtasyon: Lè yon imigran dwe kite Etazini paske li pa gen dokiman apwopriye.
Asire timoun yo ke moun kap okipe yo epi lekòl yo ap travay ansanm pou kenbe yo an sekirite.
Eksplike yo plan sekirite fanmiw. Sitou, fè yo konnen ki moun pou yo jwenn si moun kap okipe yo pa kapab vin chèche yo, epi ak kiyès yo pral rete si yo arete oswa depòte moun kap pran swen yo. Menm si ou pa san papye, li toujou bon pouw gen yon plan sekirite.
Ede timoun yo idantifye yon adilt kap travay nan lekòl yo ke yo ka fè konfyans. Ankouraje yo pou yo mande adilt sa a èd si yo ta gen bezwen. Montre yo kèk fraz pou mande èd. Pa egzanp, “Manmanm pa la pou vin chèchem. Èske ou ka edem jwenn li, tanpri?” Oswa, “Mwen pa fin sèten kijan poum al lakay mwen. Èskew ka edem jwenn yon moun ki ka mennenm lakay, tanpri?
Pou elèv ki pi gran nan klas elemantè a, ede elèv yo fè diferans ant sous fyab ak sous ki pa fyab. Si yo tande rimè, mete tèt yo ansanm pou chèche verite ki dèyè rimè sa yo. Fè yo sonje ke yo ta dwe vin kotew pou klarifye si yo tande yon bagay ki pa korèk oswa ki fè yo pè.
Ankouraje timoun yo poze kesyon. Si ou pa konnen repons lan, travay ansanm ak timoun yo pou jwenn repons yo.
Lekòl mwayen (10-13 lane)
Asire timoun yo ke moun kap okipe yo epi lekòl yo ap travay ansanm pou kenbe yo an sekirite.
Eksplike yo plan sekirite fanmiw. Sitou, fè yo konnen ki moun pou yo jwenn si moun kap okipe yo pa kapab vin chèche yo, epi ak kiyès yo pral rete si yo arete oswa depòte moun kap pran swen yo. Montre yo kote yo ka jwenn dokiman enpòtan, kle, oswa lòt bagay esansyèl yo ka bezwen si yo arete oswa depòte manm fanmi yo. Menmsi ou pa san papye, li toujou bon pouw gen yon plan sekirite.
Ede timoun yo idantifye yon adilt kap travay nan lekòl yo ke yo ka fè konfyans. Ankouraje yo pou yo mande adilt sa a èd si yo ta gen bezwen. Montre yo kèk fraz pou yo mande èd.
Siw gen moun nan fanmiw ki pa gen papye, oswa siw afekte pa depòtasyon, montre yo kèk fraz yo ka itilize pou prezève vi prive yo. Pa egzanp: Manmanm ak papam okipe kounye a, men ou ka kontakte tontonm / matant mwen / moun kap okipe mwen an.
Ede elèv yo fè diferans ant nouvèl ki soti nan sous ki fyab ak sous ki pa fyab. Pa egzanp, nouvèl ak sitwèb ki fini an .gov oswa .edu, se sous fyab, alòske yo ta dwe inyore rimè oswa sit ki mwens konfyab yo.
Pale ak elèv yo sou sa yap tande nan lekòl yo ak kominote yo. Ede yo jwenn kèk estrateji yo ka itilize pou dechifre fo enfòmasyon, aji fas ak entimidatè, epi defann valè yo.
Ede elèv ki gen papye yo chèche fason yo ka bay sipò a kominote imigran yo.
Fè yon plan pou bay sipò a kanmarad ki ta ka afekte pa enspeksyon ICE. Sa ka gen ladan pèmèt zanmi an dòmi lakay yo lè sa posib, konekte yo ak sèvis sante mantal, oswa ede zanmi yo jwenn manm fanmi li ki disparèt.
Lekòl Segondè (14+ lane)
Asire timoun yo ke moun kap okipe yo epi lekòl yo ap travay ansanm pou kenbe yo an sekirite.
Montre oswa eksplike yo plan sekirite fanmiw. Sitou, fè yo konnen ki moun pou yo jwenn si moun kap okipe yo pa kapab vin chèche yo, epi ak kiyès yo pral rete si yo arete oswa depòte moun kap pran swen yo. Montre yo kote yo ka jwenn dokiman enpòtan, kle, oswa lòt bagay esansyèl. Bayo resous pou ede yo pran swen ti frè ak sè yo jiskaske ou kapab retounen.
Bay elèv yo ti liv Konnen Dwa w yo.
Travay ak elèv yo pou kreye fraz pou reponn a ofisye ICE kap eseye antre nan yon kay, lè yo rankontre ofisye ICE yo nan lari, oswa reponn apèl telefòn ki soti nan ICE.
Bay elèv yo enfòmasyon sou ki moun pou yo rele si yo depòte paran yo oswa lòt manm fanmi yo. Sa gen ladann yon adilt ou fè konfyans ki pral pran swen yo, epi kote ki ka ede yo swiv tras manm fanmi ki disparèt yo.
Siw gen moun nan fanmiw ki pa gen papye, oswa siw afekte pa depòtasyon, montre yo kèk fraz yo ka itilize pou prezève vi prive yo. Pa egzanp: “Manmanm ak papam okipe kounye a, men ou ka kontakte tontonm / matant mwen/ moun kap pran swen mwen an.” Oswa “Manmanm ak papam pa ka vin nan telefòn / pòt la kounye a. Èske mwen ka pran yon mesaj?”
Fè elèv yo konnen ke se yo menm kap deside si yo vle divilge estati dokiman yo. Epitou, ede yo konprann ke si yo gen moun ki san papye nan fanmi yo oswa nan kominote yo, yo dwe respekte preferans moun sa yo sou vi prive yo ak divilgasyon. (Sa vle di, yo lib pou pale sou sitiyasyon pa yo, men yo pa lib pou revele estati lòt moun.)
Ede timoun yo idantifye yon adilt kap travay nan lekòl yo ke yo ka fè konfyans. Ankouraje yo pou yo mande adilt sa a èd si yo ta gen bezwen.
Ede elèv yo fè diferans ant nouvèl ki soti nan sous ki fyab ak sous ki pa fyab. Pa egzanp, nouvèl ak sitwèb ki fini an .gov oswa .edu, se sous fyab, alòske yo ta dwe inyore rimè oswa sit ki mwens konfyab yo.
Pale ak elèv yo sou sa yap tande nan lekòl yo ak kominote yo. Ede yo jwenn kèk estrateji yo ka itilize pou dechifre fo enfòmasyon, aji fas ak entimidatè, epi defann valè yo.
Ede elèv ki gen papye yo chèche fason yo ka bay sipò a kominote imigran yo.
Fè yon plan pou bay sipò a kanmarad ki ta ka afekte pa enspeksyon ICE. Sa ka gen ladan pèmèt zanmi an dòmi lakay yo lè sa posib, konekte yo ak sèvis sante mantal, oswa ede zanmi yo swiv tras manm fanmi li ki disparèt.