Èske ou vle entegre plis jwèt nan woutin fanmi ou? Èske w ap mande tèt ou si jwèt ede timoun yo devlope toutbon?
Jwèt la enpòtan pou devlopman timoun yo. Anpil etid montre jwèt la redui estrès kay timoun yo epi li ba yo avantaj sosyo-emosyonèl ki dire pandan tout lavi yo. Etid yo montre lè timoun yo fè jwèt, yo aprann fè refleksyon kritik, yo aprann rezoud pwoblèm, yo aprann negosye ak kominike. Lè timoun yo devlope konpetans sa yo, sa fè yo prepare pou yo ale lekòl. Kesyon sa yo moun poze souvan ap ede w jwenn repons pou kesyon w yo epi yo ap pèmèt ou jwe plis!
Mwen okipe anpil chak jou. Kijan pou mwen ajoute jwèt la sou sa mwen deja genyen pou m fè yo?
Jwèt la pa oblije konplike pou li efikas! Ou kapab ajoute ti moman jwèt nan woutin ou chak jou – anfèt, li posib pou w deja ap fè sa. Chante pandan w ap benyen pitit ou a oswa bwose dan li, fè yon jwèt devinèt oswa rim nan machin nan. Oswa fè kòmsi nou se krapo, dragon, oswa mons pandan n ap sote, vole, oswa soti lekòl pou n ale lakay a pye. Si w pa genyen ide, mande pitit ou a pou l fè yon kout!
Mwen deja pa gen senkòb. Kisa k ap pase si m pa kapab achte jwèt ki byen chè?
Ou pa oblije depanse lajan pou jwe! Nan jwèt fè sanblan, timoun yo imajine mond ki ozalantou a toutafè diferan. Yon moso katon ka tounen volan yon machin, epi yon zòrye ka tounen yon fize. Si ou prefere plis estrikti, ou ka fè jwèt tankou Simon Says ak Mother May I ak kò w sèlman. Epi pa bliye lè w chante, fè rim epi bouje nan fason ki rizib ak kreyatif, se tout kalite jwèt ou kapab fè nenpòt kote w ye avèk nenpòt sa w genyen.
Pitit mwen an bezwen disiplin. Si mwen jwe avèk li, èske li p ap sispann pran mwen oserye?
Etid yo montre jwe a amelyore relasyon ki genyen ant moun k ap bay swen yo ak timoun yo. Lè w jwe avèk pitit ou, sa pèmèt ou tabli yon klima konfyans ki ap fè w pa oblije toujou ap kontwole sa li ap fè. Pou w jwenn plis enfòmasyon pou konnen fason pou jwe avèk pitit ou pou pèmèt li grandi byen epi devlope konpetans tankou fason pou l kontwole ak disipline tèt li. Al gade konsèy CDC bay pou byen elve timoun yo pou w jwenn plis ide.
M ap eseye prepare pitit mwen an pou l ale lekòl. Èske m pa ta dwe konsantre mwen sou ansèyman konpetans debaz yo tankou lekti, ekriti, oswa kalkil?
Jwèt se yon bon mwayen pou timoun yo aprann konpetans sa yo poukont yo! Lè timoun yo fè majigridi ak lakrè sou twotwa, lè yo jwe nan tè ak lè yo manyen patamodle, tout aktivite sa yo prepare yo pou ekriti. Gen yon pakèt etid ki montre jwèt ede timoun yo aprann lang ki se yon bagay ki enpòtan pou devlope konpetans yo nan lekti ak ekriti. Etid yo montre tou lè timoun yo jwe avèk blòk jwèt yo, sa ede yo devlope diferan konpetans matematik yo aprann depi nan premye ane lekòl yo.
Pa bliye jwèt ak konpetans debaz yo mache ansanm. Ou kapab montre timoun yo konte lè w ap anpile blòk jwèt yo, ou kapab anseye yo alfabè a lè w ap chante, epi ou kapab montre yo ekri lè w fè desen ak rakonte istwa. Pou w jwenn plis ide sou fason pou w itilize teknik ki baze sou jwèt pou anseye konpetans debaz yo, al gade fèy konsèy nou genyen pou pwofesè lekòl yo.
Lekòl pitit mwen an itilize anpil teknik ki baze sou jwèt. Èske sa pa detounen atansyon elèv yo sou aprantisaj la?
Etid yo montre teknik ki baze sou jwèt la fè elèv yo anvi aprann! Etid yo montre elèv ki nan lekòl ki bay rekreyasyon yo gen tandans pou yo bay pi bon rezilta nan lekòl pase elèv ki nan lekòl ki pa bay rekreyasyon yo. Jwèt la ede timoun yo reflechi pi byen epi li amelyore konpetans yo nan matematik ak rezolisyon pwoblèm. Gen prèv ki montre avantaj jwèt la genyen epi ou kapab mezire yo.
Mwen pa t gen chans jwe anpil lè mwen te timoun. Kijan mwen kapab aprann jwe avèk pitit pa mwen yo?
Pa gen ni bon ni move fason pou w jwe! Menm si w pa resevwa fòmasyon fòmèl sou teknik ki baze sou jwèt yo, ou kapab toujou itilize sa w konnen, ak pwòp kreyativite w pou kreye leson yo.
Si w vle konnen plis mwayen pou w entegre jwèt nan lavi fanmi ou, dekouvri resous ki soti nan òganizasyon tankou National Association for the Education of Young Children (Asosyayon Nasyonal pou Edikasyon Timoun Piti), UNICEF ak Lego Foundation (Fondasyon Lego). Epitou, ou kapab jwenn ide sou diferan kalite jwèt nan divès fèy konsèy MASFEC elabore.