Yo ki ou pa ka vin sa ou pa ka wè. Se vre sa pa toujou rive konsa, men lè ou bay timoun yo plizyè modèl sa ede yo imajine sa yo ka vin tounen alavni. Albòm foto ki annapre yo montre pèsonaj ki gen divès kalite orijin ki reyalize bagay enkwayab.
- Tifi ki Reve Tanbou a, se Margarita Engle ki ekri l. Istwa lavi yon tifi Chinwa-Afriken-Kiben ki aprann jwe bongo pou yon gwoup Kiben sè li yo te ladann ki gen fi sèlman. Bèl liv pwezi sa a mache ak yon pakèt bèl imaj.
- Joan Proctor Doktè Dragon, se Patricia Valdez ki ekri l. Joan Proctor se te yon Gerisè Reptil nan British Museum ki te renmen fè remake l, ki te andikape nan yon epòk kote fi te genyen opòtinite pwofesyonèl limite. Soti nan kolasyon li òganize ak konpayon leza li yo rive nan dekò li konsevwa pou espas dragon Komodo a ap viv la, lavi Proctor chaje ak mouvman k ap fè timoun yo plezi kanmenm.
- Fi Reken an, se Jess Keating ki ekri l. Yon bèl istwa sou Eugenie Clark ki chaje ak foto, ki se yon fi ki soti nan de ras Japonè ak Ameriken ki dejwe tout atant pou l tounen yon biyolojis maritim. Pandan li plen ak aksyon enteresan, liv genyen tou yon bèl mesaj konsènan lanmou Clark pou reken, ak enpòtans pou w goumen pou sila yo ke yo mal konprann.
- Frida Kahlo ak Bèt Li yo, se Monica Brown ki ekri l. Liv sa a itilize bèt Frida Kahlo yo pou l rakonte istwa lavi atis Meksiken sa a, ki andikape. Li disponib ni an Anglè ni an Espànyòl, se yon bèl entwodiksyon sou Kahlo ak bèt ki enfliyanse zèv atistik li.
- Pitit Fi Pèp Pye Lejè yo: Istwa Chanpyon Maraton Endijèn Lorena Ramírez, se Belen Medina ki ekri l. Biyografi kourè Rarámuri endijèn Lorena Ramírez, ki te genyen iltramaraton pandan li t ap kouri ak rad tradisyonèl, endijèn li.
- Moun ki Chanje Jwèt la: Istwa Venus ak Serena Williams, se Lesa Cline-Ransome ki ekri l. Istwa fason de atlèt fi Nwa lejandè sa yo pa sèlman montre konpetans yo pou yo vin jwè ki chanpyon, men tou pou yo venk diskriminasyon ni sou teren ni andeyò teren.
- Jwenn Dans Mwen an, se Ria Thundercloud ki ekri l. Otobiyografi Ho-Chunk ak Sandia Pueblo dansè pwofesyonèl nan Ria Thundercloud, kote pakèt etid sou dans li yo toujou mennen l tounen nan rasin endijèn ni yo. Yon bèl istwa sou selebrasyon kilti fanmi nou.
- Wòb Sware Fantezi: Istwa Ann Cole Lowe, se Deborah Blumenthal ki ekri l. Pitit pitit yon granmè ki te esklav, Ann Cole Lowe se te yon konseptè Nwa ki te abiye selebrite tankou Jackie Kennedy. Yon istwa sou talan, pèseverans, ak fòs karaktè.
- Salim Mamoo ansanm ak Mwen, se Zai Whitaker ki ekri l. Rakonte pa nyès selèb ònitològ Endyen Salim Ali, se istwa yon tifi fanmi l te vin obsede ak zwazo. Se vre li pa bay anpil detay sou lavi Ali, men li bay kèk apèsi sou monn ònitoloji a.
- Apèl Oseyan an: Yon Istwa Sirèn Haenyo, se Tina M. Cho ki ekri l. Yon tifi Koreyen konbat laperèz li pou oseyan an lè li akonpaye granmè li, yon plonjè lib Koreyen Tradisyonèl, nan travay li. Menmsi liv sa a pa konsantre sou yon moun an patikilye, li bay yon apèsi sou yon monn pwofesyonèl espesifik.