VISIT OUR PARENT SITE AT FCSN.ORG

Fanmi yo: nou vle gen nouvèl nou !tanpri ranpli sondaj sa >

 

Èske ou se paran oswa responsab yon timoun ki enskri nan yon lekòl Massachussets nan moman an? Massachusetts Statewide Family Engagement Center ap fè yon sondaj pou aprann plis sou relasyon lekòl yo ak fanmi yo gen youn ak lòt.

Kijan lekòl pitit ou a kominike ave w ? Ki amelyorasyon ou ta vle wè ?

Massachusetts Statewide Family Engagement Center (MA SFEC – Sant angajman fanmi pou tout eta Massachusetts la) ap fè yon sondaj pou aprann plis sou relasyon lekòl ak fanmi yo gen youn ak lòt. Sondaj sa a pral poze ou kesyon sou eksperyans ou epi pral sèvi nan efò pou ede ankouraje epi ogmante angajman fanmi yo ak lekòl yo. Ekip MA SFEC la pral asire repons ou yo rete konfidansyèl ; pa gen okenn moun nan pèsonèl lekòl oswa distri yo ki pral wè repons ou yo. Sa ka pran apeprè 10 minit pou ou ranpli sondaj la.

Si pitit oswa jèn ou nan yon lekòl Massachusetts nan pre-matènèl rive nan 12 yèm klas, tanpri ranpli sondaj sa a sou entènèt pou ede nou aprann sou eksperyans ou. 

https://westedk12enterprise.co1.qualtrics.com/jfe/form/SV_0uH3tqNwIWJPdBA

Pou kesyon oswa èd pou ranpli sondaj la, tanpri kontakte Ryan Miskell nan MA SFEC nan 202-471-2463.